Skip to content
Enfòmasyon

Ou pa bezwen viza pou w ale Ondiras si w deja gen youn nan viza sa yo ki valab pou 6 mwa ou plis:

  • Viza ameriken
  • Viza kanadyen
  • Viza chengen

REMAK: TANPRI PA KONTAKTE KONSIL ONORÈ KONSÈNAN VIZA. TOUT APLIKASYON VIZA DWE TRAVAYE NAN YON ANBASAD.

Pou w pran yon randevou, ale sou sit entènèt Ministè Afè Etranjè Ondiras mete pou sa: Cita Consular.

Yon moun ki swete ale Ondiras kapab mande youn nan kategori viza sa yo:

Viza Touris/Biznis

Viza touris ak viza biznis se pou etranje ki vle al Ondiras pou pran vakans, pou fè biznis oswa vizite fanmi yo epi ki gen yon paspò òdinè.

Tout moun ki vle yon viza touris oswa biznis dwe bay dokiman sa yo:

  1. Ranpli fòmilè a
  2. 2 foto paspò
  3. Paspò valab pou omwen 6 mwa;
  4. Non, adrès ak telefòn nan ka seksyon konsila a ta bezwen kontakte ou;
  5. Kote ou konte ale;
  6. Si ou se yon rezidan etranje nan peyi kote w ap fè demand la, ou dwe di ki stati w (etidyan, touris, elatriye)
  7. Ou dwe di si w déjà gen viza lòt peyi
  8. Fotokopi resi ki di ke w peye

Ou dwe la an pèsòn nan biwo Seksyon Konsila a nan anbasad la. Li pa nesesè pou w tradwi dokiman yo.

Si ou bezwen yon viza biznis ak plizyè antre, an plis de dokiman ke nan lis anwo a, travay ou dwe bay yon lèt ki di konbyen tan ou pral pase Ondiras e bay garanti ke se li k ap kouvri tout depans yo pou ou.

Viza pou Konsil

Se Ministè Afè Etranjè peyi Ondiras ki la pou otorize viza sa yo. Pou evite tan pèdi, moun ki bezwen viza sa a dwe kòmanse pwosesis la bonè, avan menm ke l planifye vwayaj la.

Dosye a dwe gen dokimen ak enfòmasyon sa yo ladann:

  1. Non ak nasyonalite moun k ap fè demand la.
  2. Ranpli fòm VCA-4 la.
  3. Yon paspò ki p ap ekspire pandan tout dire vwayaj la
  4. Rezon vwayaj la : touris ou biznis, rezon pwofesyonèl, vizite fanmi ak zanmi;
  5. Yon lèt envitasyon;
  6. Prèv ke w ap travay, atestasyon labank, papye kay ;
  7. Konbyen tan w ap fè nan peyi a ;
  8. Di kijan w ap vwayaje: eske se nan avyon oswa sou bato;
  9. Si w se yon rezidan etranje nan peyi kote w ap fè demand la, fòk ou di si w se etidyan oswa touris ;
  10. Presize si w gen viza pou w vwayaje nan lòt peyi
  11. Fotokopi resi ki di ou peye.

Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila ki nan anbasad la.

Yon lòt moun ou otorize kapab ranpli fòm nan pou ou nan ministè afè etranjè a, li kapab fanmi w oswa asosye w nan biznis.

Viza Diplomatik

Viza diplomatik la se pou moun ki gen paspò diplomatik oswa k ap travay pou gouvènman yon peyi etranje.

Kondisyon pou w jwenn viza diplomatik la :

  1. Paspò valab pou omwen 6 mwa;
  2. Dokiman ofisyèl ki montre aklè ke w se diplomat yon peyi etranje ;
  3. Fotokopi resi ki di ou peye.
  4. Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.
Viza Ofisyèl

Viza ofisyèl la se pou moun k ap travay pou gouvènman yon peyi etranje, yon òganizasyon entènasyonal oswa ki gen lese-pase Nasyonzini.

Kondisyon pou w jwenn viza ofisyèl la:

  1. Paspò valab pou omwen 6 mwa;
  2. Dokiman ofisyèl ki montre aklè ke w se yon fonksyonè leta, w ap travay nan yon òganizasyon entènasyonal oswa ou gen lese-pase Nasyonzini.;
  3. Fotokopi resi ki di ou peye.
  4. Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.
Viza Koutwazi

Viza koutwazi a se pou moun k ap travay pou òganizasyon tankou FMI, BID, OEA oswa Bank Mondyal.

Kondisyon pou w jwenn yon viza koutwazi:

  1. Paspò valab pou omwen 6 mwa;
  2. Prèv ke w ap travay nan FMI, BID, OEA oswa Bank Mondayl ;
  3. Fotokopi resi ki di ou peye.
  4. Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.
Pri Viza yo
#VizaPri an dola ameriken
1Viza touris yon sèl antre$30.00
2Viza touris ak plizyè antre$60.00
3Viza biznis yon sèl antre $30.00
4Viza biznis plizyè antre$60.00
Legalizasyon Dokiman

Paske Ayiti pat siyen Trete Apostil la (Konvansyon La Haye, 5 oktòb 1961), tout moun ki sòti Ayiti oblije legalize dokiman ofisyèl yo pral itilize Ondiras.

Pou w legalize yon dokiman, ou dwe pran yon randevou nan konsila onorè a avan ou ale nan anbasad Ondiras pou fini pwosesis legalizasyon an.

Kondisyon pou w legalize dokiman:

  1. Orijinal dokiman yo ke ministè Afè Etranjè peyi d Ayiti sètifye
  2. Yon tradiksyon sètifye pa yon notè dwe akonpaye dokiman orijinal yo.
  3. Ou dwe prezante an pèsòn nan konsila onorè a.
Fòmilè
VCA-4: Fòmilè pou mande viza Ondiras