skip to Main Content
Konsila Onorè

Kòm yon reprezantan Gouvènman Ondiras; konsila onorè Ondiras la an Ayiti dwe bay Sèvis Pwoteksyon Konsila sa bay tout sitwayen Ondiras ki an Ayiti san pèdi tan, nan nenpòt ki lè, san yo pa peye yon goud, kèlkeswa estati yo kòm imigran:

  • Rapatriman sitwayen Ondiras ki mouri an Ayiti
  • Rapatriman sitwayen Ondiras ki malad grav, blese grav oswa sibi vyolans fizik
  • Ede sitwayen Ondiras ki viktim trafik moun
  • Ede granmoun ak timoun k ap viv nan move kondisyon
  • Ede sitwayen Ondiras ki nan kalamite
  • Ede sitwayen Ondiras ke imigrasyon arete oswa yo pral depòte
  • Ede sitwayen Ondiras ke yo akize nan zak kriminèl e ba yo ban jan asistans devan lajistis
  • Asistans espesyal pou sitwayen Ondiras ki kondane pou pase tout rès vi yo nan prizon
  • Akonpaye sitwayon Ondiras yo k ap adopte timoun
  • Ede sitwayen Ondiras ki viktim vyolasyon dwa moun
  • Vizite sitwayen Ondiras ke imigrasyon arete oswa lajistis mete nan prizon

Pou sèvis tankou paspò, enskripsyon/anrejistreman, ak sètifikasyon/legalizasyon; sitwayen yo dwe pran yon randevou ak anbasad ki pi pre yo a atravè sit entènèt ofisyèl Ministè Afè Etranjè peyi Ondiras mete pou sa: Cita Consular.

Pou tout lòt kesyon oswa demann konsènan sèvis pou sitwayen peyi Ondiras yo, tanpri voye yon imèl nan: citizen@honduras.ht.

Ijans

Si w gen yon ijans, tanpri voye yon imèl bay konsila onorè a nan: urgence@honduras.ht.

Doktè

Eskanè Medikal

Dantis

Veterinè

Konpayi Sekirite

Anbasad Ondiras nan Repiblik Dominikèn

Anbasad Ondiras nan Repiblik Dominikèn
Torre Diandy XIX, Avenida
Pedro Henriquez
Urena
Santo Domingo, Dominican Republic 10108
+1 (809) 482-7992

embhnrd@gmail.com

Laboratwa

Famasi

Ponp finèb

Avoka Dwa Penal

Vwayaj (Ajans ak Avyon)

Anyè Biznis

Si yon sitwayen Ondiras ta gen yon ijans medikal pandan l nan depatman , Nòdès oswa Nòdwès peyi d Ayiti, li kapab al pran swen nan vil Santiago de Los Caballeros nan peyi Dominikani. Nan ka sa a, yo ta dwe avize Konsila Onorè a ki nan Pòtoprens pou l kapab kowòdone ak Anbasad Ondiras ki nan Santo Domingo.

Anrejistreman sitwayen

Pou Konsila Onorè ak anbasad k ap sipèvizè li a kapab pi byen sèvi sitwayen Ondiras yo ki nan peyi d Ayiti, nou konseye tout sitwayen yo anrejistre lè yo antre Ayiti. Pou anrejistre, tanpri ranpli epi voye fòmilè elektwonik ki anba paj sa a.

Ou ka telechaje yon fòm tou anba meni “fòm” yo pou ranpli epi voye sou imel nou ki citoyen@honduras.ht oswa bay li fizikman nan Konsila Onorè a nan lè biwo.

    Ou dwe ranpli tout kote ki gen etwal (*) yo

    Non*

    Siyati*

    Dat ou fèt*

    Eta sivil*

    Non patnè w (madanm oswa mari si w genyen)

    Nimewo paspò w*

    Dat paspò a fèt*

    Dat paspò a ap ekspire*

    Nimewo telefòn ou*

    Nimewo telefòn lakay ou*

    Adrès imel ou*

    Fotokopi paspò w* (jpg, png, pdf)*

    Adrès ou an Ayiti*

    Non timoun yo (si w genyen)

    Rezon ki mennen w Ayiti*

    Detay pou kontakte fanmi w Ondiras*

    Paspò

    Tout demann paspò dwe fèt nan yon anbasad. Pou w pran yon randevou, ale sou sit entènèt Ministè Afè Etranjè peyi Ondiras mete pou sa: Cita Consular.

    1. Yon foto paspò;
    2. Paspò ki ekspire a ou ki prèske ekspire;
    3. Pyès idantite;
    4. Si moun ki bezwen paspò a pa gen yon pyès idantite, n ap verifye idantite l ak nasyonalite l nan yon gwo liv kote leta Ondiras anrejistre tout sitwayen li yo; si non sitwayen an pa anrejistre nan liv sa a, n ap mande Direksyon Jeneral Afè Konsilè pou l fè rechèch la pou nou. N ap oblije tann repons yo pou n kapab kontinye pwosesis la.
      Si se yon madan marye ki vle mete non mari l sou paspò a, l ap bezwen sètifika maryaj la pou l pwouve ke li marye.
      Si ou pat janm gen yon kat pou idantifye w, w ap bezwen yon lòt pyès ki gen foto w sou li tankou lisans oswa kat sekirite sosyal.
    5. Ou dwe bay yon anvlòp ak tout tenm sou li pou n retounen w dokiman yo.
    6. Fotokopi resi ki di ou peye.
    7. Ou dwe eskane tout dokiman yo e voye yo pou nou yon semèn anvan vizit la.
    8. Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.

    Yon fwa ou fin ranpli kondisyon yo epi ou resevwa yon repons pozitif nan men Direksyon Jeneral zafè konsilè, se sèlman lè sa a ou kapab peye.

    Si w ta pèdi paspò w, ou dwe al deklare sa nan lapolis.

    Kat idantite valid: se yon kat ki fèt aprè kanpay idantifikasyon nasyonal 1996 la. Se yon kat idantifikasyon pèsonèl ki pèmèt chak sitwayen jwenn sèvis nan tout biwo leta yo epi jwenn lòt dokiman ke yo bezwen.

    Selon atik 40 konstitisyon peyi Ondiras, youn nan devwa chak sitwayen se pou l fè kat idantite li.

    Remak: Pa pral gen okenn chanjman nan ansyen paspò yo oswa lè w aplike pou yon renouvèlman. Pwosedi a pran 8 a 10 semèn. Mèt paspò a ka pase pran l oswa otorize yon moun pou pran l pou li.

    Paspò pou timoun (5 lane):

    1. Foto paspò
    2. Batistè Orijinal
    3. 2 paran yo dwe prezante ak bon jan pyès pou idantifye yo (kat idantite, paspò, elatriye)
    4. Fotokopi resi ki pwouve ke yo peye.
    5. Pwosedi sa a dwe fèt an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.

    Nan ka ke paran yo pa prezan, moun yo ki vin fè demand la dwe gen yon otorizasyon ofisyèl paran yo (ke yon notè siyen) epi yo dwe pote kopi paspò paran yo. Si youn nan paran timoun nan ta mouri, aplikan an dwe bay yon kopi orijinal sètifika lanmò ki soti nan men otorite ki la pou sa.

    Lèt pou vwayaje san kè sote:

    1. Dokiman pèsonèl: kat idantite, batistè oswa paspò ki ekspire (ou dwe prezante yon dokiman ofisyèl ki gen foto w sou li)
    2. 2 foto paspò.
    3. Fotokopi dokiman ki di ki wout w ap pran oswa fotokopi tikè avyon;
    4. Fotokopi resi ki di w peye.
    5. Pwosedi sa a dwe fèt an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.

    Yon lèt pou w vwayaje san kè sote se yon dokiman vwayaj ki la sèlman pou sitwayen Ondiras k ap viv aletranje san paspò oswa paspò yo ekspire, li pèmèt yo retounen nan peyi yo Ondiras. Li pa itil anyen ankò lè yo rive Ondiras epi li pwolonje sèlman nan sikonstans espesyal.

    Si paspò sitwayen Ondiras la ekspire, l ap bezwen dokiman sa a pou l kapab tounen nan peyi l. Li pral sou sit entènèt Cita Consular, l ap pran randevou ak anbasad Ondiras ki tabli nan Repiblik Dominikèn pou l ka fè demand la. Pou li kapab vwayaj ale an Dominikani, youn nan konsila dominiken ki nan peyi d Ayiti yo ap ba l otorizasyon pou sa. Lè l fin jwenn lèt la nan men anbasad Ondiras la, li gen yon mwa pou l retounen Ondiras.

    Atansyon : dapre règleman legal 26/90 la, tout sitwayen peyi Ondiras ki pran yon lòt nasyonalite dwe jwenn otorizasyon direksyon jeneral zafè konsilè biwo sekretè Ministè Afè Etranjè Ondiras.

    Anrejistreman Sitwayen yo

    Se anbasad yo ki la pou anrejistre sitwayen Ondiras yo. Pou w pran yon randevou, ale sou sit entènèt Ministè Afè Etranjè peyi Ondiras mete pou sa: Cita Consular.

    Dokiman pou w bay nan anbasad la:

    1. Fòmilè demand la
    2. Paspò ki pa ekspire
    3. Kat idantite oswa batistè
    4. Adrès ak telefòn
    5. Rezon ki fè w ap mande sètifika a
    6. 2 foto paspò.
    7. Resi ki di ke w peye
    8. Ou dwe la an pèsòn lè w ap fè demand la.

    Anrejistreman ti bebe ki fèk fèt

    1. Batistè ti bebe a
    2. Tradiksyon batistè a nan lang panyòl
    3. 2 foto bebe a
    4. Dokiman ki idantifye paran yo
    5. Fotokopi resi ki di ke yo peye
    6. Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.

    Anrejistreman maryaj

    1. Sètifika maryaj la (orijinal e legalize)
    2. Tradiksyon sètifika a nan lang panyòl
    3. Fotokopi pyès idantite moun k ap fè demand la (kat idantite oswa paspò)
    4. Fotokopi resi ki di ke w peye
    5. Ou dwe bay yon anvlòp ak tout tenm ak adrès sou li pou n retounen w dokiman yo.

    Anrejistreman divòs

    1. Sètifika divòs (orijinal e legalize)
    2. Tradiksyon sètifika a nan lang panyòl
    3. Fotokopi pyès idantite moun k ap fè demand la (kat idantite oswa paspò)
    4. Fotokopi resi ki di ke w peye
    5. Ou dwe bay yon anvlòp ak tout tenm ak adrès sou li pou n retounen w dokiman yo*

    *Anbasad la pa responsab si yon kourye ta pèdi nan wout

    Pou fè verifikasyon ki nesesè nan dokiman yo, tanpri eskane tout dokiman ou yo epi voye yo bay konsila onorè a nan: citoyen@honduras.ht.

    Enfòmasyon pou idantifikasyon

    Se anbasad la ki la pou trete tout demand enfòmasyon pou idantifikasyon. Pou w pran yon randevou, ale sou sit entènèt Ministè Afè Etranjè peyi Ondiras mete pou sa: Cita Consular.

    Otantifikasyon Dokiman:

    1. Original dokiman ou vle otantifye a;
    2. Yon fotokopi dokiman an;
    3. Fotokopi resi ki di ke w peye
    4. Ou dwe bay yon anvlòp ak tout tenm ak adrès sou li pou n retounen w dokiman yo.

    Sètifika ki pa gen okenn antrav:

    1. Original batistè
    2. Fotokopi dokiman pèsonèl moun k ap fè demand la
    3. Fotokopi resi ki di ke w peye
    4. Ou dwe bay yon anvlòp ak tout tenm ak adrès sou li pou n retounen w dokiman yo.

    Pwokirasyon ak delegasyon espesyal:

    1. Dokiman orijinal moun k ap bay pwokirasyon an
    2. Fotokopi pyès idantite moun y ap bay pwokirasyon an
    3. Yon dokiman ki di kisa pwokirasyon an ap ye, li dwe genyen enfòmasyon sa yo :
      Non moun k ap jwenn pwokirasyon an ak enfòmasyon pèsonèl li tankou : nasyonalite l, eta sivil li ak adrès li
      Si moun k ap jwenn pwokirasyon an, se yon pwofesyonèl lajistis (avoka, isye, notè, grefye, elatriye), n ap bezwen nimewo idantifikasyon pwofesyonèl li ak adrès kabinè li.
      Rezon pwokirasyon an
    4. Fotokopi resi ki di ke w peye
    5. Ou dwe la an pèsòn nan Seksyon Konsila anbasad la.

    *Anbasad la pa responsab si yon kourye ta pèdi nan wout

    Pou fè verifikasyon ki nesesè nan dokiman yo, tanpri eskane tout dokiman ou yo epi voye yo bay konsila onorè a nan: citoyen@honduras.ht.