Skip to content

Gouvènman peyi Ondiras nome yon konsil onorè tou nèf nan peyi d Ayiti. Konsila onorè a la pou ede tout sitwayen peyi Ondiras ki bezwen asistans yon konsila dwe bay pou tout sa ki gen rapò ak sètifikasyon dokiman epi jwenn paspò pandan yo Ayiti. Mete sou sa, gouvènman peyi Ondiras bay konsila onorè a misyon pou l ranfòse relasyon ekonomik 2 peyi yo e fè pwomosyon echanj ant Ondiras ak Ayiti.

Men adrès konsila onorè Ondiras nan peyi d Ayiti:

Tabarre 41
Port-au-Prince, Ouest
Telefòn : +(509) 4470-0000
Imel : info@honduras.ht

Se sèlman pa imel nou pran randevou.